Ki sa yon ekselan edikasyon sanble?
Edikasyon Ekselan = Ekselans Akademik + Konpetans pou Lavi + Byennèt
Paske edikasyon ta dwe prepare chak elèv—pa sèlman pou egzamen, men pou lavi.
Si sistèm lekòl nou an se yon feri, elèv yo se pasaje yo , edikatè yo se navigatè yo k ap gide chemen an, epi anplwaye yo se ekipaj la k ap kenbe feri a ap fonksyone byen. Moun k ap bay swen ak manm kominote a se ekipaj atè ki bay sipò, ki ede prepare epi akeyi pasaje yo anvan ak apre vwayaj la. Komite Lekòl la sèvi kòm faro ak bousòl—li ede fikse direksyon an, li asire vwayaj la rete annakò ak valè pataje yo, epi li kenbe tout sistèm nan responsab anvè misyon li: mennen chak elèv rive nan destinasyon yo an sekirite, avèk jwa, epi avèk siksè.


Men sa ki esansyèl: yon sistèm ki bati sou ekite —yon sistèm ki rekonèt epi adrese divès bezwen chak apranti—se pa opsyonèl. Se sèl fason pou asire feri a rive nan destinasyon li: ekselans akademik, byennèt, ak siksè pandan tout lavi pou tout elèv yo.
Si menm yon sèl pasaje neglije, sa afekte tout vwayaj la. Se tankou dekouvri yon flit nan yon kwen byen lwen nan feri a epi sipoze li p ap afekte moun ki chita nan plas ki pi an sekirite yo. Evantyèlman, tout feri a an danje. Se poutèt sa nou dwe travay ansanm, avèk responsablite pataje ak gwo swen, pou sipòte chak elèv, nan chak etap.